Skip to content

Nan repo sa mwen eksplike andetay koman ou ka entegre API MONCASH la pouw reyalize peyman an liy

Notifications You must be signed in to change notification settings

djefferson-saintilus/moncash-php-haiti

Folders and files

NameName
Last commit message
Last commit date

Latest commit

 

History

11 Commits
 
 
 
 
 
 
 
 

Repository files navigation

alt text

Moncash-php-haiti

Nan repo sa mwen eksplike andetay koman ou ka entegre API MONCASH la pouw reyalize peyman an liy ki trè fasil e mwen ka rasirew ke lew fin li README sa wap ka entegrel, san pale anpil ann komanse

  1. Enstale COMPOSER e Telechaje MONCASH-PHP, siw te deja fèl alo ann kontinye malgre sa

Google COMPOSER pou plis enfo sou sal ye ak lot bagay men nan pou nou lap pèmet nou byen jere entegrasyon API aaa ke se swa nan rele AUTOloader a oubyen Load repo Moncash-git la, pa enkyetew siw debitan oupa konprann tout men byento wap abitye e wap konprann yo si Google se bon zanmiw.

Nan lyen sa TELECHAJEM wap jwenn posibilite pouw telechaje e enstale COMPOSER kit se Windows/Linux e li trè fasil a enstale tankou pou WINDOWS wap jis enstale yon pwogram epi NEXT NEXT INSTALL aprèsa tout bagay fini e pou LINUX menm se jis COPY PASTE MV epi li fini alor mwen konseyew ale gade pouw ka wè, Ann kontinye ....

  1. Kreye yon Pwojè ( folder ou directory )

Yon pwojè se langaj Git men ou ka konprann li tankou se yon folder/directory kote ki gen sitWEB wap devlope aaa, alor sawap fè se kreye yonnn siw pat genyen men siw te genyen alor kontinye swiv nou pouw ka swiv kijan ou pral rele pwojè moncash poul vini nan pwojè ou a.

Men konya sak rete se poun telechaje trokèt tout api-moncash laaa ki se template la e nap ka telechajel si nou ale direk sou lyen sa TELECHAJEM oubyen tou nou ouvri yon TERMINAL/LigneDeCommande epi nou ekri sa a git clone https://github.com/ecelestin/ecelestin-Moncashsdk-php.git epi se konsa wap jis rete chay la ki se vendor la pouw telechaje

  1. Kreye yon fichye composer.json

Nan fichye sa a se li ki pral edew pouw clone vèsyon korèk api-moncash la, donk wap jis bezwen kreye yon fichye ki rele composer.json ladanl ke wap pral bezwen mete kod sa a ki pi ba

{
	"repositories": [{
		"type": "vcs",
		"url": "https://github.com/ecelestin/ecelestin-Moncash-sdk-php.git"
	}],
	"require": {
		"DGCGroup/MonCash-PHP-SDK": "dev-master"
	}
}

Ebyen mezanmi pran san nou pou nou byen kopye/kole kod sa a paske li vrèman esansyèl pou ou ka lanse telechajeman api-moncash la e map ba nou lyen sa a PARSE ERROR LINE 1 STRING, ebyen lyen sa a se si tout fwa ta gen erè sentaks alors nap jis pran kod sa a epi kopye/kole nan platfom sa a epi lap ranje bon sentaks la pou nou oswa ale nan folder COMPOSER sou kont git mwen an epi nap jwenn fichye mwen itilize aa nap ka telechajel pou evite erè.

  1. Ann Fini ak yon UPDATE-----------------------------------------

Bon nan denye etap sa nou pral jis bezwen fè yon kopi/kole nan yon TERMINAL/ligneDeCommande liy sa composer update epi lap pran kelke minit poul rele api-moncash la e aprè yon 2-5 minit li ta dwe fini si entenet nou miyo li dwe bon.

epi konyea poum rasirew ke telechajeman ou korek jis gade nan pwojè ou epi gade siw jwenn folder/directory sa yo :

pwojè =>
		[ DIR/FOLDER ] - ecelestin-Moncash-sdk-php
		[ DIR/FOLDER ] - vendor
		[ FILE ] - composer.json
		[ FILE } - composer.lock

si nou jwenn tout bagy konsa se ke tout bagay bon eke konyea ou pare pouw travay ak API moncash la, e si nou ta anvi ale pi lwen mwen mete PDF ofisyel kominote moncash la pou nou nan repo mwen yo alor pa ezite download li poun ka travay ak API aa e konnen ke fok nou ranje folder ak fichye yo pou nou pa gen pwoblem menm kite challenge sa nou epi map swete nou bon entegrasyon epi fè lajan ak sit nou pandan nap respekte règ kominote moncash-developper yo pou API aaa, e mwen ta renmen di nou ke si nou bezwen test API aaa meyè fason an se ale sou sit sa a https://sandbox.moncashbutton.digicelgroup.com/ ki se sandbox-moncash pou verifye e travay sou API aa wap gen anpil posibilite sou li e lew fini wap jis kontakte moncash-developper pouw ka fè konnen kew prè pouw pase an mod pwodiksyon ki se mod pouw komanse ap fè bon transfè elatriye .... tout bagay eksplike sou sit https://digicelhaiti.com lan

AUTHOR : Djefferson Saintilus At DOCTYPE CODERS

About

Nan repo sa mwen eksplike andetay koman ou ka entegre API MONCASH la pouw reyalize peyman an liy

Topics

Resources

Stars

Watchers

Forks

Releases

No releases published

Packages

No packages published